Nòt Biwo Abel Descollines

Biwo ansyen depite mibalè Abel Descollines sòti nòt pou la presse sa a yon fason pou avèti lopinyon nazyonal ak entènazyonal sou sitiyazyon anpil moun nan sant vil mibalè ki bloke andedan kay depi 3 ak 4 jou.

Biwo Abel Descollines vle mete la polis ak lòt otorite konsène devan reskonsabilite yo fas ak soufrans anpil nan moun sa yo ki bloke san dlo, san manje fas ak menas gang ak zam ki kontwole kèk zòne nan sant vil mibalè.

Biwo ansyen depite mibalè konstate avèk la pèn ke otorite la polis yo poko janm deside fè jefò ki nesesè pou liberé yon seri lokalite nan mibalè ki anba kontwòl gang amé yo, malgré anpil apèl ki rive jwenn DG la polis, DDC la polis, komisè polis, otorite ki nan leta elatriye.

Biwo ansyen depite mibalè rete kwè si gen volonté, la polis melanje ak inite espezyalize yo kapab libéré sant vil mibalè.

Sant vil mibalè pa gwo tankou sant vil potoprens ni li pa gwo tankou zòne metwopolitèn potoprens, li klè depi gen yon vrè mobilizasyon, gen posiblite pou la polis melanje ak gwoup rezistans yo reprann tout kontwòl sant vil mibalè.

Biwo ansyen depite mibalè voye yon gwo kout chapo bay tout popilasyon nan lòt komine plato santral ki louvri pòt yo pou resevwa moun ki kouri kite sant vil mibalè akòz gang ak zam.

Nap kontinye fè tout sa nou ka fè, nan nivo wòl nou ka jwe pou pèmèt moun sant vil mibalè retounen lakay yo.

Yon jou la jou !

Fin !

Published by

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer