
Ekselans mesye Prezidan,
Diferan otorite ki prezan ak nou maten an,
Zanmi, Kòlèg mwen yo, manm laprès la, envite espesyal yo,
Se ak gwo lonè mwen pran lapawòl jodi a pou mwen ofisyèlman lanse seri konferans laprès chak semèn nou rele « Les Mardis de la Nation » “Madi Nasyon an”. Inisyativ sa a se yon vizyon estratejik nan pou kreye yon kominikasyon proaktif pou byen enfòme popilasyon an sou travay Gouvènmam.
Òganizasyon seri konferans pou laprès sa yo se rezilta yon pwosesis refleksyon pwofon ak inisyativ ki vize modènize epi ranfòse fason nou kominike nan nivo gouvènman tranzisyon an.
Depi apre nominasyon nou antan sekretè deta kominikasyon, misyon fondamantal nou te toujou chita sou ranfòse kowòdinasyon nan kominikasyon gouvènman an. Kowòdinasyon sa a enpòtan anpil pou reponn efektivman ak atant popilasyon an. Se objektif sa a menm « les mardis de la nation » “Madi Nasyon
“Madi Nasyon an” se pa yon senp aktivite kominikasyon. Se yon demonstrasyon klè nan volonte gouvènman an pou pwoche pi pre popilasyon an, pataje enfòmasyon egzat, epi reponn avèk transparans a kesyon ak preyokipasyon popilasyon AK la près.
Chak madi, nou pral ofri yon espas pou echanj, refleksyon ak konpreyansyon sou aksyon ak pwojè priyoritè Leta ap mennen. Se tou yon opòtinite pou laprès ak sosyete sivil la poze kesyon, eksprime atant yo, epi kontribye nan amelyore fason otorite yo ap gouvène
Avèk inisyativ sa a ak patenarya ant enstitisyon nou yo, nou ranfòse kapasite nou pou enfòme, mobilize, epi ini popilasyon an alantou objektif komen nou yo.
Pou fini, mwen vle remèsye tout aktè ki te angaje yo pou reyalize premye seyans pwojè Sila.
Ansanm, nou fè yon gwo pa an avan pou yon kominikasyon gouvènmantal modèn, efikas, koyeran ak enklizif.
Mwen ba nou randevou chak madi pou nou konstwi, ansanm, yon nasyon ki pi enfòme ak pi solid. Mwen vle ke laprès kapab non sèlman yon temwen kle men tou yon aktè enpòtan nan redrèsman bak peyi a. Mwen gen lonè kounya pase lapawòl bay prezidan KPT a, Ekselans Leslie Voltaire, ki vin pale ak popilasyon nan kad seri konferans sa yo ke nou rele « les mardis de la nation » « madi nasyon an ».
Objectif konferans maten an ap chita sou vizit Prezidan kolonbyen an nan peyi dAyiti.
Mesi anpil.
Laisser un commentaire