
KOLEKTIF OGANIZASYON POPILE -TET ANSANM: Wete chapo I byen ba pou salye kouraj ak
detèminasyon Polis Nasyonal la, nan batay lap mennen kont ensekirite an, malgre absans kek
materyel enpotan pou rann travay yo pi efikas li bezwen.
KOLEKTIF OGANIZASYON POPILE -TET ANSANM: Reyalize konbyen sa enpotan, pou n kontinye
ankouraje Konsey Prezidansyel la, ak Premye minis lan dokte Gary Conille pou yo mete tet ansanm,
pou yo travay ansanm, pou de Pep Ayisyen an, soti nan kafou difisil sila ,lap konnen jodi an.
Pandan n’ap profite denonse ak tout eneji nou, ak tout fos nou. GWO KONPLO DIREKTE KABINE
PREMYE MINIS LA, NESMY MANIGAT NAN TET KOLE AVEK RAOUL PIERRE-LOUIS, PREZIDAN BNC AN,
NAN LIDE POU DESTABLIZE KONSEY PREZIDANSYEL LA, DESTABLIZE PEYI AN RIVE JISKA ASASINA
KARAKTE 3 KONSEYE PREZIDANSYEL ABOUTI AK ZAK ASASINA FISIK YO, KISE SINONIM PLONJE PEYI AN
PI BON NAN PLIS MIZE AK ENSTABLITE.
Nou menm nan KOLEKTIF OGANIZASYON POPILE – TET ANSANM: N’a raple KONSEY
PREZIDANSYEL (A AK PREMYE MINIS LA, , depi aprè asasina trajik Prezidan Jovenel Moise nan
chanm lakay li , nan kondisyon trajik nou tout konnen an, PEP AYISEN AN plonje byen fon nan yon
lanmé nwa, kote malere ka malerez pa suspann naje ak espwa yon demen miyo, kote Jèn fanm ak
tifi pa suspann viktim kadejak anba men kriminel san konsyan , kote katye polile yo, tonbe anba
men gwoup gang. Kote lekol ak legliz , Biwo Leta kou Antrepris sekte Prive pa epanye , enstisyon
relijye Katolik ‚Protestan menm jan nak Peristil vodwisan pa suspann viktim tout kalte zak vyolans.
Pi plis ke jamé se moman , pou n kontinye raple KONSEY PREZIDANSYEL LA AK PREMYE MINIS
GARY CONILLE se nan travay ansanm, nan tet kole nou ka sove AYITI , sepa nan batay pou
kenbe pouvwa pou fè plis richès nan mize pep AYISYEN AN. Pandan nap profite di HANS JOSEPH
kise aktyel direkte ULCC, nan batay kont koripsyon pa gen pati pri, li enpotan, pou gen bon jan,
anket ki louvri sou NESMY MANIGAT aprè plent ULCC fin resevwa kont direkte Kabine Premye
Minis lan , ki tap pran 100. 000 dola nan men Ronald Joseph Direkte Jeneral FNE an, pou ta kenbel nan pos sila a.
Potoprens 04 DAWOUT 2024
Moun ki siyen not Sila
Herold Bonnet , Alyans 18 me
Mascary Jean François , Fos popité 2004
Ednold Pierre-Louis Mouvman revolisyon 17 Oktob
Bernard Mondestin, Regwoupman Militan Konsekan kont Konripsyon
Roseline Celestin , Mouvman Fanm Pou Respe Lavi
Cherubin Alouidor , FOS Militan
Laisser un commentaire