
Aprèm fin tande ULCC debake nan BMPAD pou ankete sou yon kontra Leta ayisyen via BMPAD te genyen ak yon konpayi ki rele PREBLE-RISH HAÏTI S.A, mwen pran yon ti tan poum al gade kisa dosye sa ye.
Pou rezon sa, mwen pase de kout fil a de moun byen plase o nivo de PREBLE-RISH, mwen rele tou de responsab nan BMPAD ak ministè finans pou evite ke analiz mwen pa enjisteman fèm pran bouwo a pou viktim e viktim nan pou bouwo.
KISAM JWENN ?
Parapò a sa chak pati yo rakontem e sam jwenn kòm dokiman, dosye pa ni plis ni mwens ke yon ti kou mètdam mesyedam PREBLE-RISH yo nan lojik pou kase ponyèt Leta.
KÒMAN ?
Ebyen selon dokiman yo, savle di, selon sa ki ekri nan kontra a, sa ki ekri nan pwosevèbal ouvèti pli yo, ak anèks ki vini an konpleman ak kontra a, PREBLE-RISH HAÏTI S.A nan pwopozisyon teknik e finansyè li te soumèt ki konsinye nwa sou blan nan pwosevèbal ouvèti pli yo, li di lap ka vann Leta gaz jet la(gaz pou avyon pa egzanp) pou 6.28 santim pa galon. Se pri sa ki nan pwosevèbal ouvèti pli yo, se pri sa ki nan pwopozisyon teknik e finansyè kel te soumèt, e se pri sa ki nan kontra a. E nan anèks la ki an konpleman a kontra a, li mansyone 6.28 egalman, e olyel eksprimel an santim pa galon, li eksprimel pa baril. Ò, baril la gen 42 galon…siw pran 6.28 pa baril li mete nan anèks la ou divizel pa 42, galon an pral vin koute 14 santim pa galon ki pliske 2 fwa plis sa ki nan kontra a. DG BMPAD la ki estime genyen yon erè materyèl, li ekri responsab PREBLE-RISH yo pou yo siyen yon ADENDUM, e se la li pral dekouvri movèz fwa konpayi a e depi lè sa, BMPAD pa ni resevwa fakti, ni voye fakti nan finans pou peye paske yo estime jan konpayi a te vle fèl la li patap bon pou peyi a. Donk, BMPAD pa gen anyen pou wè avèk peye PREBLE-RISH, okontrè, konpayi a rete dwe Leta e si DG BMPAD la pa fè dilijans ak konkou lajistis rive sezi yon bato gaz nan men yo, yo t’ap dwe plis kòb.
Si BMPAD pa voye fakti pou finans peye PREBLE-RISH, kòmanl fè kanmenm touche?
Dediksyon pèsonèl nou pèmèt nou kwè ke konpayi PREBLE-RISH lage yon pakèt kòb atè a pou boule peyi a sou prezidan Jovenel atravè mouvman ki konn fèt yo ki fè Jovenel petèt pat gen chwa e oblije finans peye malerezman san aval DG BMPAD la ki tap batay avèk PREBLE-RISH e ki dayè di li pap peyel jiskaske BMPAD rezilye kontra a sou yo paske yo pat respektel.
Kounye a kesyon n’ap poze, itilize ULCC pou atake dirèkteman DG BMPAD la, èske se pa PREBLE-RISH HAÏTI S.A kap jwe atravè de moun yo genyen bò kote PM Garry CONILLE sanl pa rann li kont pou yo fè li vanje DG BMPAD la ki pat vle peye yo nan movèz kondisyon ? Mwen panse PM nan dwe pridan ak yon seri de moun ki bò kotel paske gen de dosye yo ka feèl rale, yo pa fèl ralel paske yo konnen moun nan fotif, men yo fèl ralel pou itilizel san rann kont pou yo vanje kont moun ki pat vle rantre nan move zafè.
Garry PIERRE RICHARD
Laisser un commentaire