
Toudabò, kisa dosye sa ye?
De manyè senplifye, se Leta ayisyen, via BMPAD ki te genyen yon kontra dalimantasyon pwodywi petwolye avèk yon konpayi ki rele PREBLE-RISH HAÏTI S.A.
Kòman yon enstitisyon otonòm pase tip de kontra sa yo?
Pou moun ki pa konnen, enstitisyon otonòm yo, vrè chèf yo se pa direktè jeneral yo. Men pito yon KONSÈY DADMINISTRASYON ki defini PLAN DAKSYON ak ORYANTASYON òganis otonòm yo e nan ka sa, direktè jeneral yo jwe selman yon wòl de SEKRETÈ EGZEKITIF. Savle di, ki la pou egzekite sa Konsèy dadministrasyon an te preyalableman defini. Nan ka sa,wap konprann BMPAD, menm jan ak tout òganis otonòm yo, li kwafe pa yon KONSÈY DADMINISTRASYON ki prezide an pèsòn pa minis finans lan. Donk, nimewo 1 BMPAD pa direktè jeneral la men minis finans lan.
Lè Leta ayisyen via BMPAD gen kontra avèk yon antrepriz kèlkonk, kisa BMPAD jwe kòm wòl?
Janm te dil piwo a, tout sa BMPAD genyen poul fè, se KONSÈY DADMINISTRASYON an ki gen minis finans lan nan tèt li ki desidel. Sa ki ta vle di, DG BMPAD la paka deside pase ou valide yon kontra san KONSÈY la…el pa kapab tou PEYE antrepriz ki gen kontra ak Leta dirèkteman. Li selman la pou siyen kontra a aprè KONSÈY la fin validel, e lè pou peye, li selman la pou resevwa FAKTI, men se ministè finans ki peye.
Kounye a, kote konfli ant BMPAD ak PREBLE-RISH HAÏTI S.A a soti? Poukisa BMPAD pat deside peye PREBLE-RISH jiskaske dosye a rive devan lajistis ? E kòman fè malgre BMPAD pa peye, men PREBLE-RISH rive touche kanmenm ?
Konfli a kòmanse paske BMPAD te deside pat peye PREBLE-RISH paskel te estime konpayi sa pat respekte kontra a, li pat finalize travay kel te angaje pou fè a, san konte ti konfli ki te genyen kote BMPAD t’ap egzije pwodywi de kalite nan objektif pou pwoteje machin,moto ak dèlko sitwayen ayisyen kont move pwodywi petwolye. E BMPAD telman batay pou defann enterè konsomatè ayisyen yo, le 13 novanm 2020, nan yon atik Roberson Alphonse pibliye nan kolòn jounal « Le Nouvelliste » ki titre<< PRODUITS PÉTROLIERS : PREBLE-RISH HAÏTI CORRIGE, DÉBALLE, MENACE ET DESCEND EN FLAMMES LE BMPAD >> kote li te klèman eksprime firè ak kolè PREBLE-RISH kont BMPAD ak ansyen prezidan Jovenel Moise ki pat deside peyel pou yon travay li mal fè e dayè ki pat menm acheve.
Nan yon atik ki ankò pibliye nan kolòn jounal « Le Nouvelliste » 26 jiyè 2024 la, toujou pa Roberson Alphonse, li releye yon nouvèl kote PM Garry CONILLE mande ULCC, IGF ak CSCSA ankete sou kontra sa KITE DENONSE PA ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOISE. Sa PM nan ak jounal la petèt bliye pa erè, sèke prezidan Jovenel pat rete konsa li denonsel. Men se paske BMPAD pat deside peye PREBLE-RISH pou de rezon valab, e se sou rekòmandasyon BMPAD kise 2 je Leta nan kontra sa ki fè prezidan Jovenel te rive denonsel, e jodia menm BMPAD sa paka kò e am poul te anpeche. E lè yo wè yo paka fè DG BMPAD la pliye, yo sezi lajistis nan yon peryòd kote avoka Leta yo pat menm ka la akoz lanmò prezidan Moïse. Sa ki ta pral pouse tribinal la anviwon 2 lane aprè rann yon òdonans le 20 jiyè 2023 an favè PREBLE-RISH. Malgre sa, BMPAD atravè direktè jeneral li pa deside sede, jiskaske se tande li tande ministè finans peye PREBLE-RISH nan do BMPAD.
Nan ka sa, èske se BMPAD ki sèlman la pou resevwa fakti , e ki pa abilite pou peye kivrè sib la ?
Donk, mwen espere tèks sa te itil nou, san rantre nan yon lojik pou ou kont.
Caroline DERIVAL
Pr AYITI DEMEN
Laisser un commentaire