
Sou Kont X (Ansyen Twitè) li, Mèt André Michel di, Nou kontan anpil gen yon dezyèm gwoup Solda Kenyan ki rive nan peyi a Jodi Madi 16 Jiyè 2024 la.
« Nou gen plis pase 19 mwa n’ap repete menm bagay la. Lapolis ak Lame Dayiti pa gen kapasite pou mete Sekirite nan peyi a pou kont yo men m si yo gen Bòn volonte. Nou gen plis pase 19 mwa nap di peyi a bezwen yon Fòs Entènasyonal pou ede nou kraze gang yo », di Avoka Pèp la.
Malerezman aktè politik, toujou selon pòt vwa SDP a sou X, ki sou pouvwa a Jodi a pat dakò ak nou. Mwen byen kontan, li di, sila yo ki nan Konsèy Prezidansyèl la dakò jounen Jodi a a pou fòs la vini nan peyi a paske li pa janm twò ta pou w fè sa ki bon pou peyi w.
« Pozisyon nou pa chanje. Nou pa nan Dyalòg ak gang ! Pa gen amnisti pou gang. Li lè li tan pou tout Fòs entènasyonal la deplwaye nan peyi a ak tou gwo materyèl ki nesesè pou vini ede PNH la ak lame kraze tout gang nan peyi a alawonbadè », Repete Mèt André Michel.
Pou fini, Mèt André Michel di, SDP ap kanpe anfas kelkeswa moun ki chwazi rantre nan Koze Dyalòg ak gang kriminèl asasen yo.
Laisser un commentaire