
Nan yon piblikasyon sou kont X li Dimanch 9 Jen an, Pòt Vwa SDP a, Mèt André Michel fè konnen, SDP kondane ak tout Fòs li Zak Kriminèl gang viv Ansanm yo fè Jodi Dimanch 9 Jen an sou 3 Polisye( Emelin Fermetus, Wilkens Junior Piton, Peterson Clovis) nan zòn Delma 18 nan moman yo tap fè travay yo ki se pwoteje ak sèvi Popilasyon an.
« Chèf Kowalisyon gang Viv Ansanm nan, BBK, Jimmy Cherizier, ki se youn nan kriminèl ki pi danjere sou latè revandike zak kriminèl san parèy sa a », ekri Avoka Pèp la sou X.
Selon Mèt André Michel, SDP voye senpati li bay PNH la ak Fanmi polisye viktim yo. Aksyon sa a, li di, pwouve yon lòt fwa ankò, Leta Ayisyen pa gen kapasite pou l’ mete Sekirite nan peyi a pou kont li. Jan SDP ap Mande sa depi 19 mwa, Ayiti bezwen yon Fòs entènasyonal pou ede PNH la kraze gang pou mete Sekirite nan peyi a.
Pou « Avoka Pèp la », Nou pap ka Soti anba gang yo san yon Fòs entenasyonal.
“Yon gwo Mèsi ak Gouvènman PM Ariel Henry a paske li te mande Fòs entenasyonal la pou vini sove peyi a anba gang kriminèl yo », se ak paròl li konkli.
Laisser un commentaire