Deklarasyon ZAFAK nan okazyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyen

Ayiti, mèkredi 3 avril 2024.-

Zantray Fanm Kreyòl (ZAFAK) salye detèminasyon ak kouraj tout Fanm nan peyi Ayiti, nan okazyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyen, jodi 3 avril 2024 la. Malgre move kondisyon lavi tout kalte, Fanm yo ki se poto mitan sosyete a toujou goumen pou kenbe flanbo a epi revandike patisipasyon yo nan tout desizyon k ap pran ki konsène lavni peyi a.

Zantray Fanm Kreyòl voye gwo kout chapo epi bat bravo lakontantman pou kokennchenn travay ki fèt deja nan kad Mouvman Fanm yo nan peyi a, menmsi gen anpil lòt travay ki merite fèt toujou pou n rive tabli yon sosyete san fòs kote, pou Fanm yo ka jwi tout dwa yo nan tout domèn nan soyete a.

Zantray Fanm Kreyòl ap pwofite okazyon sila pou denonse tout tantativ k ap fèt tribòbabò pou ekate Fanm yo nan rechèch solisyon pou kriz malatchong peyi a ap konnen depi plizyè lane.

Peyi nou Ayiti ap travèse yon moman difisil ki mande anpil klèvwayans, retni, konsansis ak depasman. Tout sektè dwe patisipe, dwe bay dizon yo nan sa k ap fèt pou pèmèt peyi a reprann wout demokrasi,estabilite, solidarite, pwosperite ak konpetitivite.

Zantray Fanm Kreyòl ap obsève avèk anpil enterè sityasyon an. Pandan n ap ankouraje medam yo pou kontinye òganize yo, pwopoze epi fè tande vwa yo, ZAFAK envite tout aktè ki enplike nan kriz malouk sila pou mete enterè peyi a pi wo pase enterè pa yo ak enterè gwoup yo.

Fanm San Limit!

M.K.Mutchi OBAS
Direktris Egzekitif

Published by

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer