
Nan yon konferans pou Laprès “Force Résistance Grand’Anse” (FORGA) bay Mèkredi 14 Fevriye 2024 la nan Jeremi, Eric Charles pòt vwa FORGA fè konnen yo konstate gen anpil fo Lidè ki pran plezi pou dezòd nan peyi espesyalman nan Jeremi kote yo vle simen latroublay epi enpeche pitit pèp la pran chimen lekòl ak vakye a okipasyon yo.
FORGA remesye Pèp Grandans la ki Pa pran nan entimidasyon; 3 jou Kanaval la reyisit e FORGA felisite Gouvènman ki akonpanye moun jeremi nan sans sa-a, repete Eric Charles.
Toujou selon pot vwa FORGA, yo rekonèt ensekirite a ap bay pwoblèm nan peyi-a kote gang ap anpeche nou viv.
“Menm jan ak Mèt André Michel ki se chouchou Pèp la, n ap kontinye mande deplwaman yon Fòs Miltinasyonal pou vin akonpanye PNH la epi batay kont Gang nan peyi-a”, di Eric Charles.
Pòt Paròl FORGA Eric Charles, FORGA ap batay pou kontinye pran wout demokrasi a nan mete Sekirite epi pran chimen eleksyon an jan Mèt André Michel toujou ap di l la “se wout dyalòg pou nou pran”.
Eric Charles konkli pou l di ke FORGA kore demach Gouvènman ak pozisyon lidè yo a ki se Mèt André Michel pou fòs la antre nan peyi-a.
Laisser un commentaire