Ayiti/Kriz Politik: Mesaj Gwoup Konsètasyon Politik pou Konpwomi Istorik nan okazyon dat 7 Fevriye 2024 !


Gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik reyalize dat 7 fevriye 2024 la rive san pagen yon prezidan eli ki enstale nan palè nasyonal jan sa te prevwa nan aakò 21 desanm 2022.
Pati politik ak òganizasyon ki fè pati gwoup konsètasyon an reyalize pagen eleksyon ki fèt pou gen yon lòt palman nan pouvwa lejislatif la.
Gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik tande vwa tout moun ki pat siyin akò 21 desanm 2022 ki mande demisyon premye minis Ariel Henry akòz li pa respekte sa ki te ekri nan akò 21 desanm 2022.
Konsètasyon politik pou konpwomi istorik tande vwa tout moun sa yo paske akò 21 desanm 2022 se yon dokuman piblik ki te pibliye nan jounal ofisyèl peyia ki rele « Le Moniteur « 
Sepandan gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik, kwè, jan sa ekri nan liv la lwa, yon akò angaje avan tout lòt bagay moun ki te siyin akò a.
Se pou tèt sa gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik kwè akò 21 desanm 2022 toujou rete kampe jiskake majorite siyatè akò sila a bay pozisyon yo.
konsètasyon politik pou konpwomi istorik rete kwè se reskonsabilite tout siyatè akò 21 desanm 2022 pou analize, san fòs kote ki rezon ki lakòz akò a pa rive aplike kòm sa dwa.
Nan sans sa a, gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik fè apel avèk tout siyatè akò 21 desanm 2022 pou òganize presé presé yon asanble siyatè nan lide pou pran lòt rezolisyon !
Pou komite pwoviswa gwoup konsètasyon
Abel Descollines
Ancien député
Me Valery Dutreil Jacques
Vikerson Garnier
Ancien député

Published by

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer