
Jodi Samdi 3 Fevriye 2024 la nan yon entèvyou Mèt André Michel bay nan kapital peyi-a, Avoka Pèp la fè konnen 7 fevriye 2024 la se yon jou k ap pase tankou tout jou.
Avoka Pèp la estime ke gen yon alyans ki fèt e alyans sa gen tout kalite moun ladan l tankou Chèf gang Machann Dròg, li gen politisyen k ap chèche pouvwa nan tout kondisyon, politisyen k ap jwe jwèt mètdam (woule m 2 bò).
“Alyans sa pa prale okenn kote, alyans sa p ap bay okenn rezilta politik, alyans sa ka pèmèt yo voye kèk ròch nan peyi-a”, kwè André Michel.
Pou Avoka Pèp la, kesyon gen yon pouvwa ke moun pra-l pran 7 fevriye a se blag.
Pou pòt paròl SDP a selon sa li di nan entèvyou a, jodi-a gen 2 bagay ki enpòtan jan SDP toujou ap di l nan kòmansman, se nan dyalòg se nan konsètasyon nan pale antre nou pou-n konn kòman pou n sòti nan kriz Politik la.
Dyalòg Politik la fòk li kontinye nan mitan aktè politik yo nan mitan sosyete sivil la, se dyalòg politik la k’ap montre nou kòman pou n monte gouvènman inyon nasyonal la; dyalòg Politik la k ap pèmèt nou monte yon KEP kredib ke tout moun fè konfyans; se dyalòg politik k ap pèmèt nou kreye kondisyon pou n fè revizyon konstitisyon an ke nou mennen peyi-a nan eleksyon pou Pèp la k ap chwazi moun ki pou dirije li, estime Mèt André Michel.
Aprè dyalòg la toujou selon Mèt André Michel dezyèm bagay la se problèm sekirite, kidnaping la, moun Matisan, Fontamara, Laplèn, Tòsèl, Kafoufèy… tout moun ki kite kay yo bezwen sekirite.
“Se sa-k fè nou menm (SDP) nou Pa nan voye ròch kache men, nou nan batay pou gen yon Fòs Entènasyonal ki pou vin nan peyi a ede Lapolis kraze gang, se sa Pèp ayisyen vle, se nan batay sa SDP ye”, konfime Mèt André Michel.
Pou Avoka Pèp la, moun ki Pa vle Fòs Entènasyonal la vini nan peyi-a se moun ki gen lòt enterè, moun k ap sipòte gang anba anba, moun ki gen enterè pou peyi-a toujou rete nan dezòd.
Laisser un commentaire