
Selon sa « Avoka Pèp la » ekri sou kont X (Ansyen Twitè), Sektè Demokratik ak Popilè a salye pozisyon peyi tankou Etazini, Lafrans, Lachin pran nan Konsèy Sekirite a kote yo mande pou Fòs Entènasyonal la deplwaye nan peyi a san pèdi tan.
Mèt André Michel kontinye pou l di, se pozisyon sa-a SDP ap defann tout kote depi plis pase 16 mwa. « Majorite Pèp la ap tann Fòs la », li ajoute.
Toujou selon Mèt André Michel, pozisyon SDP klè tankou dlo kòk, nou p ap kapab sòti anba Gang, Ensekirite ak Kidnapping nan san yon Fòs Entènasyonal.
« Nou bezwen yon Fòs Entènasyonal pou ede PNH la mete sekirite nan peyi-a », espere Avoka Pèp la.
Mèt la ajoute, SDP ap batay pou Fòs Entènasyonal la vin ede PNH ka kraze tout Gang nan peyi-a.
Avoka Pèp la la konkli pou l di, Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) p ap sipòte gang.
Laisser un commentaire