
Sou kont X (Ansyen Twitè) Mèt André Michel ekri ke SDP voye Solidarite li bay moun Bèlè, Solino, Delma 24, Delma 18, koridò basya kap pase tray nan moman sa yo anba gang kap simaye latèrè nan zòn sa yo.
Avoka Pèp la kontinye pou l di, politisyen kap chache pouvwa fè Alyans ak Gang kriminèl pou kreye dezòd nan yon koze revolisyon tèt anba.
« Lòbèy sa yo montre yon lòt fwa ankò nesesite pou yon Fòs Entènasyonal vini ede PNH la kraze gang ak mete lòd nan peyi a », se sa Mèt André Michel estime.
Avoka Pèp la konkli pou l di, jan SDP toujou di li, nou p’ap kapab Soti anba gang yo san yon Fòs entènasyonal.
IB
Laisser un commentaire