Ayiti/Politik: Mèt André Michel mande PM Ariel Henry mete kanpe KEP a ak Gouvènman Inite Nasyonal la prese prese pandan l’ap kite pòt dyalòg la louvri

Nan yon twit Avoka pèp la fè jodi-a, li di ke moman an rive pou PM Ariel Henry elaji HCT a, kanpe KEP a, monte Gouvènman Inite Nasyonal la, demare pwosesis revizyon konstitiyonèl la ak pwosesis elektoral la pou Pèp la ka chwazi moun ki pou dirije Peyi a.

“Li lè, li tan pou nou bay Pèp la lapawòl” toujou pawòl Mèt André Michel sou X ansyen Twitè.

Pou Mèt André Michel, nou dwe pwofite prezans Fòs entènasyonal kap vini an pou n fè eleksyon prese prese nan peyi a.

“Pèp la p’ap mache nan okenn pwojè 2 grenn gòch ki pral mete plis pwoblèm nan peyi a. Si n’ap tann tout moun n’ap tounen pwa tann, an’n vanse ak moun ki vle”, kontinye Mèt André Michel.

Avoka Pèp la konkli pou l di, SDP kwè Pòt dyalòg la dwe toujou rete louvri paske se nan dyàlòg pou n konstwi peyi nou. Nap fè tout moun sonje, Mèt André Michel tou repete Peyi pap kapab soti anba gang yo San yon Fòs entènasyonal.

IB

Published by

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer